Kitem Ale

de Teddy Hashtag

Se ou pou m mande
Kisaw fe ki fè'm ret ave'w
Malgre tout saw fè'm
Tout sa m santi se pou m ta prèw
Pou janw pase m lòd
Tankou timoun ki ret ave'w
M vle lage cha
Men gon pati nan mwen k pap fèl

Menm konnen ka sispan plere
M fè efò pou m ka sa'w vle'm ye
M bawou rezon pou'w ta trete'm mieux
Ou son moun ki dròl m pap ka chanje w vre
Relasyon'n sou dom, m potel k'on bébé
Ou di w pa vle fè'm mal pandan ou plede
Fè m santi'm enferyè ak ou nan kèm g'on twou
Ave'w m pap janm ere

Kite m ale eeee byen lwen
Kote yap pranm a de bwa ouvè
Yap fè m santi'm enpòtan
Em konen si m ale
M'ap ret selibatè pou yon tan
M pap vle yo trete'm nenpot jan

Koman fè on jou pa pase depi w libere
M gentan jwen dix mil lòt moun
Monte sou do pye'm
M pito bay vi'm ak letènèl
Pase se ou ki pou akonpanye'm
Kilè wap suspan vann moun yo manti sou rezo
Deye pòt la se pa janm konsa l ye vre
Sa pa gade'm si san mwen wap mal pase
M oblije san pitye

Gade'm gentan jwen yon milya moun ki renmen mwen
M gentan jwen yon lòt route, m'ap jwe pye mwen
Kitemele m si san mwen wap mal pase
M oblije san pitye
M oblije met tèt mwen an premye
Konnen se pa ou l te janm ye
E mwen l ye, se mwen yo Rele Danola

Wap maltrete'm
Men lanmou bouche je'm
Èske w pa wè jan m'ap kriye
Li lè pou m kite'w, pou jan nou te ye
Mwen pap dakò w derespekte'm

Kite m ale eeee byen lwen
Kote yap pranm a de bwa ouvè
Yap fè m santi'm enpòtan
Em konen si m ale
M'ap ret selibatè pou yon tan
M pap vle yo trete'm nenpot jan

Más canciones de Teddy Hashtag