Shoo Fly Pie And Apple Pan Dowdy
de Stan Kenton
Woman hold her head and cried
Because her son had been shot down in the street and died
Se kwonik on malerèz ak on dream
Lane 99 madanm deside pou l rantre lavil ak Johnny
Apèn desann sètifika, l ret kwè ekri ak li se
Pi bon mwayen l te ka ba l pou l sòti tcheke on vye lise
Sa se tèt sèkèy li, baton vyeyès li, toujou di l veye kote wap met pye w, deviz pòtoprens se tè glise
Li pa t konn pèsòn, se fanmi on fanmi
Ki te pwomèt li y ap rezève pou li on chanm vid
On ti kounouk, pa menm gen kote pou 2 chwal galope
Sa pa fè anyen, depi m ka lage kò m aswè ak on dra pou m vlope
Konsa l kite bokozèl li
Kenbe nan men l, on ti gason katòzan espere fè l vole ak pwòp zèl li
Nan Johnny l met tout avwa l, wè sa kou envestisman l, tout ti byen l, tè, bèt, ak lafwa l
Pòtoprens di l byenvini, kafou aviyasyon
Anyen paka bare on malerèz ki gen vizyon
Madanm nan leve 2 bra l
L ap rele lari a manje tèt sèkèy li
Madanm nan leve 2 bra l
L ap rele lari a pran baton vyeyès li
Q
[Kouplè 2]
Johnny pèdi jenès li nan bouske lavni l
Entegre pa fasil avèk prejije lavil
Mawozo, yanm, nèg andeyò, pyeton
Konpliman ki di l byenvini anndan lise petyon
Li pa t ka sipòte, sou wout deraye
Men madanm di l pitan m, gad kote w soti si w vle konn kote w dwe ale
Johnny pran kè, fè jounen avèk sèl anba lang
Lekòl apre midi aswè l ap etidye nan balèn
Se apèn si l ka wè tablo a, 92 nan on sal
Madanm ap okipe lòt timoun, Johnny pral lekòl tou sal
Mete grenn Johnny, la a ou pa nan pansyon
Sakrifis yo peye, li pase ekzamen nevyèm avèk mansyon
Johnny pa t rete la, nèg ki gen rèv pa ret nan kabann
On sèl bagay ki nan tèt li, chanje kondisyon vi madanm
Se ak fyète madanm ap gade l
Dlo kouri nan je l lè Johnny parèt avèk papye Bacc 1, Bacc 2 l
Madanm nan leve 2 bra l
L ap rele lari a manje tèt sèkèy li
Madanm nan leve 2 bra l
L ap rele lari a pran baton vyeyès li
Joumou sou wout pou l donnen kalbas, se pa mirak
Se detèminasyon Johnny reyisi konkou, antre ILA
Johnny ap li Marx
Je l koumanse louvri li rann li kont mizè klas pa l la fè richès on lòt klas
Johnny ap kesyone l sou ekzistans li
Lè lwa yo pa jis li dwe rebèl, dread li senbolize rezistans li
Johnny pran lari ap revandike
Pou moun viv nan bon kondisyon, se pa tankou bèt pou jenn ap etidye
Li s on menas pou sistèm nan, l merite elimine
Sa kòmanse ak imaj li laprès ap diskredite l
Se li k anpeche peyi n mache, chimè y akize l
Johnny pa brize, byennèt pou tout moun se sa l vize
On jedi swa vè sizè
Apèn li kite on kamarad, n ap kwaze demen maten, lari pi rèd
On vit tente desann, on bal nan tèt
Demen maten nan nouvèl yo touye on gang
Laprès pwononse l san ankèt
Woman hold her head and cried
Because her son had been shot down in the street and died
Más canciones de Stan Kenton
-
Tangerine
Stan Kenton
-
Say It Isn't So
The Romantic Approach
-
Send In The Clowns
Street of Dreams
-
Malaguena
The Best Of Stan Kenton
-
A Little Jive Is Good for You
Kenton, Stan: Macgregor Transcriptions, Vol. 1 (1941)
-
Malaguena
Adventures In Jazz
-
Intermission Riff
Kenton In Hi-Fi
-
How High The Moon
Retrospective - The Capitol Years
-
Easy Street
Retrospective - The Capitol Years
-
Willow Weep For Me
Retrospective - The Capitol Years
-
Artistry In Rhythm
Retrospective - The Capitol Years
-
Eager Beaver
Retrospective - The Capitol Years
-
And Her Tears Flowed Like Wine
Retrospective - The Capitol Years
-
Southern Scandal
Retrospective - The Capitol Years
-
Tampico
Retrospective - The Capitol Years
-
Artistry Jumps
Retrospective - The Capitol Years
-
Artistry In Boogie - 1946 Version
Retrospective - The Capitol Years
-
Artistry In Percussion
Retrospective - The Capitol Years
-
Concerto To End All Concertos
Retrospective - The Capitol Years
-
Opus In Pastels - 1946 Version
Retrospective - The Capitol Years