Yon bon zanmi

de Klass

Savon pa ka dire kote k pa gen cheve
Gen de desepsyon yon nonm konn pran lanmou dèfwa li mechan
(Se pou yon moun l ap pale)
Ou anvi kouri men pou tchovi ak bèl souvni
Ou reziye ou ap viv nan lanfè
Dèfwa w sou san w pa bwè

Mesyedam la sosyete se pou yon moun m ap mande
Vin ede m jwenn yon solisyon souple
Kouran lavi l koupe envètè di l pap chaje
Tout tan solèy lanmou an pa leve

Douvan fè nwè pa gen respè kay la an gè
Di m si w pa pè kijan w pral fè
Douvan fè nwè pa gen respè kay la an gè
Di m si w pa pè kijan w pral fè

Yon fwaye fristrasyon ki san kominikasyon
Se tankou yon bonm ki pwograme
K ap tann lè pou l eksploze
(Se pou yon moun l ap pale)
Mande m kisa l fè li pa yon mesye ki parfait
Men li bay lanmou lajan ak respè
Pouki l pa jwenn moso bonè

Mesyedam la sosyete se pou yon moun m ap mande
Vin ede m jwenn yon solisyon souple
Kouran lavi l koupe envètè di l pap chaje, non non
Tout tan solèy lanmou an pa leve

Douvan fè nwè pa gen respè kay la an gè
Di m si w pa pè kijan w pral fè
Douvan fè nwè pa gen respè kay la an gè
Di m si w pa pè kijan w pral fè (zanmi m)

L ap kouri l pa ka swe

Se pa dat m ap plante flè pou m jwenn yon ti papiyon
Kounya m wè m nan yon dezè dan wòch ap ban m depresyon
Lanmou m wè anba w tande
Ou gen bèl kostim men kanson w kreve
Kòkòt cheri m reziye m
Ou mèt kanpe cha m ap tou lage pye m

Lè w pran kou ou tonbe, fò w releve
Pa gen ekspè nan lanmou
Ou te jis pran chans ou
Nou konprann ou zanmi nou pa timoun piti
Se pa pou moun w ap mande
Se ou k viktim

Se pa dat m ap plante flè pou m jwenn yon ti papiyon
Kounya m wè m nan yon dezè dan wòch ap ban m depresyon
Lanmou m wè anba w tande
Ou gen bèl kostim men kanson w kreve
Doudou cheri m reziye m
Ou mèt kanpe cha m ap fout lage pye m

Lè w pran kou ou tonbe, fò w releve
Pa gen ekspè nan lanmou
Ou te jis pran chans ou
Nou konprann ou zanmi nou pa timoun piti
Se pa pou moun w ap mande
Se ou k viktim

Más canciones de Klass