Love Transmission
de Fantom '87
Alo! Mwen anvi pale avè w
Piga w fèmen ni piga w di m bò w lapè w
Mwen konnen byen se non m ki ekri nan kè w
Vle fè w konnen pap janm ka gen lòt aprè w
Depi w gade m ou eksite mwen konprann très bien
M vle ou kalme w pou m eksplike w sa m te fè k pat byen
Pandan ke ou te konsakre tout tan w avè mwen
But mwen, mwen pat konprann mwen t ap mache chèche nan tout kwen
Non non , tann piga w rakwoche
Se kounya m wè se avè w mwen ta kwoche
Wi mwen konprann ke ou ou pa vle m pwoche
Non m pa vle w ale paske mwen pa vle kè mwen foche
M te ba w vi m m te ba w nanm mwen
M te ba w kè m ak tout lanmoun k andan l
Pouki w pat konprann mwen? Non non non
Ou te lavi m pi bè l pwezi
Tout sa m ta vle genyen kò m richès mwen
Pouki w pat konprann mwen
Pouki w pat konprann mwen
Mwen fè ou mal ase pou w ta deteste m
Dlo nan je ou pap ase pou l ta lave peche m
Avan mwen kite li twò ta se sa k fè m depeche m
Paske m pa vle nan kè ou gen yon lòt nèg ki pou ranplase m
Se lè w pa la mwen vin wè sa w ye pou mwen
An verite bebe m pèdi on pati yon mwatye nan mwen
Si g on koupab nan relasyon an l pa lòt ke mwen
Mwen vle w men m ap konpran si w deside pa padone mwen
Alo di yon mo pou soulaje m
Pa kriye tanpri di m w ap vin chèche m
Aprè pa gen lòt ki konn jan pou li gade m
Pa ale paske ou gentan gate m
Vi m san ou se kòmsi l pat gen nwit ni jou
Wi san ou se tankou s on manje san gou
Pèdi ou nan lanmè m s on bato k gen twou
Lwen de ou mwen son kochon ki pè labou
M espere ou tande m e ou konprann mwen
Mwen vle pou ou chanje m pou w aprann mwen
E kounya m vle bawou sa w t atann de mwen
M garanti w si w kite m mwen ap pann tèt mwen
[Verse by Rutshelle]
Ou blese m
Pase ak fi devan je m
Maltrete m
Fè moun pale nan koze m
Ou imilye m
Tiye tout jè m lanmou k andan kè m
K andan ke m
M pap kache w tande vwa ou toumante m
Boulvèse m fè m pa gen dòmi nan je m
Pou m padone w ouu g anpil rezon k anpeche m
Más canciones de Fantom '87
-
Pay Phone
Discovery
-
Solar
Eclipse Rider
-
Home
Discovery Bonus Tracks
-
Mask
Mask
-
Hoar Frost
Hoar Frost
-
Dreams
Dreams
-
Destination
Discovery
-
Arrival
Discovery
-
Quasar
Quasar
-
Guiding Star
Guiding Star
-
Oh, Dreamer
Discovery
-
Protonic Reversal
Beyonder
-
The Listener
The Comet
-
Quick Love
Eclipse Rider
-
Drug
Eclipse Rider
-
Interlude Agape
Wilds
-
Abandon Ship
The Comet
-
Surface
Wilds
-
Stratosphere
Discovery Bonus Tracks
-
Retire Nexus-6
The Comet