Woman Is Life
de D-FI Powèt Revòlte
M jwenn vi nan zantray youn, m wè bonè m nan je youn
Pou temwanye n respè m rape tèks sa ajenou
Se pou bote site yo, sa n wè kou prensès e rèn
K ap met lòd nan lavi n, repare chak erè n
Manman n k ap fè tèt a
Tribilasyon tout on fanmi pou swen, yo pote n sou do n p ap di yo n pile teta
Madanm ou konnen lanmou w presye
Men n grandi ak vid afektif padone n si n pa rive apresye l
Tisè m pou machin nan mache se ou k motèl
Pa kwè yo lè yo di ou plas ou se nan kuizin ak chanm otèl
Leve cecilia, fòk tchovi, yo viv, pran ti komès ou, mare senti ou desann nan faktori
P ap fè back menm douvan kout baton meri
Sou po ou pote fyète ou tankou neri
Lonè ou ak bonte ou fè bote ou fuck makiyaj
Mwen m twò wil, kite m rape byen fò woman is life
Yon flè k pouse kote pousyè leve
W bay lavi pandan souf ou ap bout
W bouske kote nou pa t imajine
Pou tyovi yo, ou se lavi
Zepin yo kontinye bay vi menm lè woz yo fane
Kè n on tanp sakre ego mal nou pwofane
Mizè a pran lanmou n pou nou l transfòme l an èn
Mwen m eseye refè l ak mizik pran sentaniz transfòme l an rèn
Devan sakrifis nou m wete chapo m
M wè fanm ki pran twotwa pou bay pitit yo chato
Lanmou n pa gen pri, ak lavi m wè n twoke kòn
M wè lè n bay kè nou yo pran kò n
Fanm gen doulè ou nan kouplè m yo
Dousè pa gen egal ou bèl jan ou ye a pa chanje koulè po w
M se pitit sa yo rele fanm djanm yo
Tifrè valè sè n yo se nan kè yo pa nan fant janm yo
Pou soulaje pèn nou on mizik p ap sifi
Nou sèl konn sa n viktim, nou sèl konn sa n sibi
M koube m douvan kouraj nou, soufri men n pa di way
Kite m rape byen fò, woman is life
Estè, jupilie, julie, milèn, iya, gimat, anisya, natali, irani, jizèl, olive, adasa
Yann, ema, tafa, vero, tati tonm, madan ti chofè, mami, aby, ruth, derlie, sè rene
13, marie jose mele, marie lynne, yves rose
Nou se lavi, nou bay lavi
Woman is life, woman is life
Más canciones de D-FI Powèt Revòlte
-
Kè Brize
Kwonik on GetoYout
-
Lòt Bò Baryè A
Kwonik on GetoYout
-
Rhod
Rhod over D-Fi
-
Sa K Ap Rete M
Rhod over D-Fi
-
Imòtèl
Kwonik on GetoYout
-
Konsidere M Beni
Kwonik on GetoYout
-
Getoyout
Kwonik on GetoYout
-
Flè Dizè
Kwonik on GetoYout
-
Dènye Vayb
Rhod over D-Fi
-
Piblik Mwen Ki Medya M
Rhod over D-Fi
-
Sou Tonbo M
Rhod over D-Fi
-
Powèt Revòlte
Rhod over D-Fi
-
Call of Duty
Rhod over D-Fi
-
Viv an Gè
Rhod over D-Fi
-
Koulwa Lanmò
Rhod over D-Fi
-
Kouzen
Rhod over D-Fi
-
Mond Yo A
Rhod over D-Fi
-
Yèswa
Rhod over D-Fi
-
Pousyè
Rhod over D-Fi
-
Vizite Solèy
Rhod over D-Fi