Rhod
de D-FI Powèt Revòlte
Sampling (patrick bruel - qui a le droit?)
Sampling (patrick bruel - qui a le droit?)
On m'avait dit: Te pose pas trop d'questions
Tu sais petit, c'est la vie qui t' répond
Rhod, ou twò piti pou konprann
Souvan lavi teste ou sou leson ou pa t janm aprann
Se pa tout sa ou voye ale ki vin jwenn ou
Ou ap renmen, y ap rayi w
Pami zanmi ou yo, gen sa k pral trayi w
Rhod gen moun ou ap fè mal, pa enkyete ou, sa rive menm gandhi
Ou ap fè erè, dayè se konsa ou grandi
Ou pa kreten, ou jis gen move pwòf
Jije on pwason sou kapasite l pou l monte pye bwa ka fè l fè vi l ap panse l sòt
Mache pye atè pou 2 pye ou pa pran nan on grenn soulye
Depi ou nan fouwo ou, yo p ap wè si pwent ou wouye
Pa bliye lwayote lajenès, solidè menm nan mizè
On chimè, p ap vle w manyen zam, l ap di ou
Li vle ou atis, li pa vle w chimè
Nan mizik ou ap jwenn chimen ou, ou ap fòse desten ou
Ou a mande estè padon, nou tout paka medsen
Ou ap konprann lavi devan lanmò papa ou
Separasyon k pi brital yo fèt san di babay
Sampling (patrick bruel - qui a le droit?)
Sampling (patrick bruel - qui a le droit?)
On m'avait dit: Te pose pas trop d'questions
Tu sais petit, c'est la vie qui t' répond
Pa gen bondye sou latè, pa koute doc la
Menm si se pou wete angwas ou, pa touche dwòg la
Ou pa konn doulè on souri ka kache
Pa jije, menm sa k touye tèt li, se bonè l l ap chache
Men anyen pa bloke lanmou, menm lanmò
Ou ap brize jodi a, demen ou ap renmen ankò
Rhod, powèt yo pa nòmal
Akwo a melankoli ou, ou ap santi ou byen lè w mal
Desepsyon sou desepsyon
Rhod pa al wè psi a, malere pa konnen sa k rele depresyon
Ou ka konte sou dwèt ou nuit ki pa tris yo
Leve chak fwa ou tonbe tatouwe viktwa ou yo sou sikatris yo
Rhod pa pè mouri pou lide ou
Se pa sa yo fè de ou, men se kisa ou fè de sa yo fè de ou
Rhod bonè a s on chwa
Menm si kou powèt la fòk m avwe: Le blues a son charme
Sampling (patrick bruel - qui a le droit?)
Sampling (patrick bruel - qui a le droit?)
On m'avait dit: Te pose pas trop d'questions
Tu sais petit, c'est la vie qui t' répond
Más canciones de D-FI Powèt Revòlte
-
Kè Brize
Kwonik on GetoYout
-
Lòt Bò Baryè A
Kwonik on GetoYout
-
Sa K Ap Rete M
Rhod over D-Fi
-
Imòtèl
Kwonik on GetoYout
-
Konsidere M Beni
Kwonik on GetoYout
-
Getoyout
Kwonik on GetoYout
-
Flè Dizè
Kwonik on GetoYout
-
Dènye Vayb
Rhod over D-Fi
-
Piblik Mwen Ki Medya M
Rhod over D-Fi
-
Sou Tonbo M
Rhod over D-Fi
-
Powèt Revòlte
Rhod over D-Fi
-
Call of Duty
Rhod over D-Fi
-
Viv an Gè
Rhod over D-Fi
-
Koulwa Lanmò
Rhod over D-Fi
-
Kouzen
Rhod over D-Fi
-
Mond Yo A
Rhod over D-Fi
-
Woman Is Life
Rhod over D-Fi
-
Yèswa
Rhod over D-Fi
-
Pousyè
Rhod over D-Fi
-
Vizite Solèy
Rhod over D-Fi