Piblik Mwen Ki Medya M
de D-FI Powèt Revòlte
Vwa a rekonesab se tinèg Castro a
Pozisyon m pa chanje depi levanjil geto a
M fè pati nèg ki aprann fè lò ak labou
Se pou Reziste R ki devan Rap nou
Se kwa m, m asime chwa m yo
Pito se prensip mwen yo k touye karyè m, tan pou m fè siksè ak pa yo
M la toujou, paske m p ap koube m douvan tout nòm
Si m la toujou, se paske m pa vle soti pou kò m
Lè pwopozisyon yo te vini, valè m te kont kondisyon yo
Refize siksè a pou ret fidèl ak pozisyon m yo
M rive la san trennen figi
Okenn dan pouri pa gen fòs sou mwen dayè karyè m pa fig mi
Getoyout brake Fizi
La tête haute quoiqu'il arrive
M s on malere k kenbe diyite l, rele m Izi
Pa konteste siksè m nan
Se pa nan bouda on jenn tifi m te foure mikwo m nan, men nan bouda sistèm nan
Piblik mwen ki medya m, li ki medya m
Si ou bezwen m, tcheke m Castro pa sou wikipedya
Mantalite bwasè nèg, i'm from the hood
San tele san radyo, bidjè zewo goud
Piblik mwen ki medya m, li ki medya m
Si te gen cash m kwè hit lan t ap imedya
Animatè a k te pretann li konn sò m
Di l djòl mwen pa nan pòch patwon, se piblik mwen ki sponnsò m
M trase pwòp chimen m, m pa suiv foul
Sa k pa t konprann demach atistik mwen te di m fou
On staf amatè, se KGY ki grandi n
Ki lè li ye?? Se lè on rapè kèlkonk fuck Gandhi
M se on danmijanm ki pa gen bouchon
Yo leve m frape m atè bat mwen ak djòl yo men m la toujou Ti Pouchon
M wè èn nan je frè m, nèg yo sa l non m
D-Fi fake, egoyis, D-Fi vòlè, D-Fi s on sale con
D-Fi pran woulib sou batay etidyan
E lè m te di piblik mwen envesti, yo te di m mandyan
M deside vanse san rankin
Men pou listwa aprann sa, yo pa janm konstui anyen nan manti
Mwen m pou laverite, m pa bezwen gen rezon
Kontrèman ak blese yo, dezonè pa gen gerizon
Nan levanjil geto a, lè m te di nou pran men m
Se pou n te soti ansanm pa pou te rale m dèyè, m renmen nou kanmenm
Piblik mwen ki medya m, li ki medya m
Si ou bezwen m, tcheke m Castro pa sou wikipedya
Mantalite bwasè nèg, i'm from the hood
San tele san radyo, bidjè zewo goud
Piblik mwen ki medya m, li ki medya m
Si te gen cash m kwè hit lan t ap imedya
Animatè a k te pretann li konn sò m
Di l djòl mwen pa nan pòch patwon, se piblik mwen ki sponnsò m
M gen piblik depi Rèv ak Plim k ap pote m
M ap plase youn pou sa yo k te toujou sipòte m
M se pwofèt nan peyi m, tinèg Castro a
Crack konbyen fwa n afwonte lanmò nan bouda moto a
Apre lari m pa gen lòt bòs
Sat anba kenèp, dèlma 33, 30-32 bòlòs
Chak geto k akeyi m pase m mikwo pou m leve foul
Bèlè, chansrèl, boston, belekou
Rap mennen m kote m pa t janm imajine
Pòdpè big up Vespucci, tout pitit imakile
San pwomotè se fan mwen k jere m gig
Senmak, gonayiv, laskawobas, jeremi
San dout gen non m ap bliye
Men nou ret grave nan kè m m se reflè limyè nou lè m ap briye
Kenpòt si m pa atis k ap mennen an
M fyè, m gen piblik m te toujou reve genyen an
Piblik mwen ki medya m, li ki medya m
Si ou bezwen m, tcheke m Castro pa sou wikipedya
Mantalite bwasè nèg, i'm from the hood
San tele san radyo, bidjè zewo goud
Piblik mwen ki medya m, li ki medya m
Si te gen cash m kwè hit lan t ap imedya
Animatè a k te pretann li konn sò m
Di l djòl mwen pa nan pòch patwon, se piblik mwen ki sponnsò m
Más canciones de D-FI Powèt Revòlte
-
Kè Brize
Kwonik on GetoYout
-
Lòt Bò Baryè A
Kwonik on GetoYout
-
Rhod
Rhod over D-Fi
-
Sa K Ap Rete M
Rhod over D-Fi
-
Imòtèl
Kwonik on GetoYout
-
Konsidere M Beni
Kwonik on GetoYout
-
Getoyout
Kwonik on GetoYout
-
Flè Dizè
Kwonik on GetoYout
-
Dènye Vayb
Rhod over D-Fi
-
Sou Tonbo M
Rhod over D-Fi
-
Powèt Revòlte
Rhod over D-Fi
-
Call of Duty
Rhod over D-Fi
-
Viv an Gè
Rhod over D-Fi
-
Koulwa Lanmò
Rhod over D-Fi
-
Kouzen
Rhod over D-Fi
-
Mond Yo A
Rhod over D-Fi
-
Woman Is Life
Rhod over D-Fi
-
Yèswa
Rhod over D-Fi
-
Pousyè
Rhod over D-Fi
-
Vizite Solèy
Rhod over D-Fi