Kouzen

de D-FI Powèt Revòlte

Nan yon koridò bò rigòl dlo
Anndan site Kastwo
2 ti jèn chita y ap pale
Ak grenn sèl anba lang yo
Pandan youn t ap pale youn t ap koute
Yo pa fe bri
Nyaj jwen an ki pote ale sa yo t ap di

Kouzen, bagay yo grav menm sou fòs mwen m pa ka konte
Sa k vin nan menm nan ret kanpe pandan tout bagay ap monte
M la m ap gad fyète k kouche malad nan Belekou
Yo touye espwa gran ravin pa gen pyès moun pou pote l sekou
M pèdi nan panse m
On plat manje s on balon dò
Mize demounize n
Jis pou bat bouch ti sè m ap vann kò
Poutan m debat fè tout sa yo wè k dezonè
M lave machin mwen pote chay e menm mandyan selon jounen m
Koz m pa ka antre 2 men vid, non m p ap antre janm kite vant yo
Sèl zam nan m pa kenbe kouzen m fè jounen mason m vann dlo
Se lapèn lè madanm ap fòse souri pandan m chits ap touye tan e espere lanmou l p ap mouri
Kouzen m wè Diyite ap fè trafik
Prestij ti nèg ret nan boutèy
Desten trajik hmmm
Anba jipon madan Kolo se dèy
Mwen m lage pye m
Si l pa pou on mal l ap pou on byen
Dayè isit pa gen lavi
Kannòt pa fèt pou chyen

Kouzen m pa wè espwa
La wè solèy leve se on rèv e lè leve rive wè l kouche s on eksplwa
M paka enfliyanse chwa ou, pa menm ka wè do men m
Ke ou bouske vi miyò kannòt pou pwovo ou batey sendomeng
Kouzen Twa pitit
Youn nan kouti jounen mason pa peye lwaye bay lamanjay, e si ou gen on ka klinik
Kouzen la se pa sa k merite k jwenn men sa k konn pran
Ou pa mèt desten ankò, ou sou kont vag ou sou kont van
La ba pa tè pwomiz
Men m konprann ou lè ou di m vi a se riske
Ou p ap gen anyen si ou pa fè gwo miz
Pran pè tennis sa, 2 grenn mayo sèl sa m ka ba ou
Mwen m la toujou kouzen m la ap batay jouk sa kaba
M ap toujou voye je sou fanmi ou kouzen
Men pa fè m pwomèt ke m ap di ou si toutfwa m tande madanm ou nan bouzen
Kouzen ou ka siviv nenpòt kote si la a pat tiye ou
Men pa bliye kote kè ou ye se la patri ou ye

Kouzen tan ap pase, nou ret san nouvèl
Dlo ap vin pi santi, nou pa vle mouri swaf nou bouche nen n pou bwè l
5 an ou pa voye ou pa rantre, omwen ou ta kite vòys
Madanm pèdi espwa sanble ou bliye ou te kite l gwòs
Li fè silans men ou konn sa k nan kè yanm sa k ap konnen l se ti kouto
Dènye a fèt li ba l menm non ak ou, nou sanble kou 2 gout dlo
Twazyèm nan fenk desann sètifika, men ki lekòl
Yo ap sove lafas men madanm pa janm lage kò l
Li la l ap kenbe, li pa ba yo bòpè
Li fè tout ti djòb, lesiv vann pen, pistach malere pa dezònè
Men ou konnen zanfan yo suiv ekzanp
Yo pa koute konsèy
Chimen lari mennen dwat nan lanfè l pa mennen nan syèl
Dezyèm nan t ap gentan gran simityè si l pa t penal
Dezòmè pou kwaze avè l fò ou mande apena kouzen
Nan bouske lavi w detui lavi fanmi w
Premye a ou a kwaze l lè ou tounen si ou pase gran ri

Más canciones de D-FI Powèt Revòlte