Kè Brize

de D-FI Powèt Revòlte

Nou te kwaze twò ta, separe twò bonè
Mal pou eksprime m, donk m vòlè mo kèk powèt
Ou make tout on pati nan vi m
Nou te jèn, nayif, nou te menm kwè n tap viv nan fim
Viv chak jou san panse a demen
Kesyon
Èske se desten n ki chwazi n ou nou k chwazi desten n?
M te pèdi nan je w, m t ap vanse nan mitan lanmè
Kote m p ap jwenn pye
Kote pwomès pa kenbe
Ou te vire dow
San pale, m pa t menm ka pran men w pou m di w pa ale
Pou sa m te gen twòp ego
Ou kite bwat mesaj yo men ou pa kite souvni m
Ou fin aprann mwen renmen, kounya aprann mwen mouri
Ou te sèlman di m pa kite pèsòn tounen sant lavi m
M tap kouri pou sa kap chache m,chache sa kap fui m
Kè a gen rezon ke sèvo thug pa metrize
Di l se lanmou ki fè nou, se lanmou ki brize n

Goodbye my lover
Goodbye my friend
You have been the one
You have been the one for me

Goodbye my lover
Goodbye my friend
You have been the one
You have been the one for me

Pawòl yo pa gen sans, si m pa baw prèv
Reyalite a t ap ratrape m, men ou te gen lòt rèv
Ou te vle zanfan, wè m k ap leve vwal la
Men lè w sou bouda w, menm ennmi w ka achte w mande Vwala
Ou te dwe fè chwa ant sa w vle e sa w bezwen
M ap pale w kote lanmou pa nan woman men nan on aleken
Ou pa t gen kouraj wè rèv ou ap mouri sou pretèks santiman
Kote ou ka pèdi vi w si w manke santim nan
S on mond enpafè kap ekzije n pou n pa fè
M pa konn sa m regrèt ant sa m te fè e sa m pa t fè
Lavi a pini m
An vrè m pito ri paske sa te ekziste tan pou m kriye paske sa fini
Si m renmen l vre m dwe kite l lib, nouvo lanmou l kite l viv
Se pa chanje paj, m dwe chanje liv
M te mize, m pèdi, si ou kwaze l di l
Se lanmou ki fè nou, se lanmou ki brize n

Goodbye my lover
Goodbye my friend
You have been the one
You have been the one for me

Goodbye my lover
Goodbye my friend
You have been the one
You have been the one for me

Viv twòp nan pase m fè m neglije prezan m
M ap kriye pou on bèl wòch m pèdi pandan kote m gen on dyaman
Al, kite m mande w padon paske m bare wout ou
Paske m pa rive efase tout dout ou
Lè w fè vi w nan on kaj, ou ka panse vole s on krim
Pa gen lontan m t on jòkma, men kounya m se on king
Nan vi a lè w kwochi genyen k vini pou drese w
Genyen k vini pou geri w lè kèk lòt fin blese w
M te dwe di Goodbye pou m te ka vanse
Mennen m kote w vle men konnen gen plè k poko panse
Rafrechi m, m epuize
M ba w kè m, men fè atansyon li ka blese w paske l brize

Más canciones de D-FI Powèt Revòlte