Kite’m Motive’w
de Baky
Rèv mwen lou, mwayen’m ki lejè
Map travay pou viktwa men’m pare pou echec
Lavi gratis men viv koute chè
M ka pèdon batay men pa pranl pou defèt
Petèt map chache fè tout sa’k pat dwe posib
M vle ede m pa gen mwatye de sa’m ta vle ofri (domaj
Toufwa devan lavi ka demanti’m
Men’m konnenm grandi ak zanmi ki pat janm vle’m grandi
Yo mare pye’m chak lè’m te vle fè quelques pas
Vye frè
Yo fatige’m men’m gen pou’m pran souf quelque part
M konnen’m pa pè pou sa yo di yo
Pou’m m fè lapè’m ak tout enmi’m, m ba yo love n ke’m patko prè pou’m te ofri yo
Lè’w nan pwoblèm tout fo zanmi pap vle ret prè’w
Fon fason chanje etwal lè’w wè etwal pa’w vle etènn
Frè’ kwè’m destin lavi’w ka modifye’l
E si yon jou’w ta vle bay vag kite mizik sa
Motive’w
Ou ka fè plis ke sa’w ap fè la
Ou ka rive pi lwen ke kotew ye a
Kite’m motive’w
Kite’m motive’w
Solda
Leve tèt ou non
Chache rèv ou non
Tout nèg ap prepare batay yo
Mete’w prè tou non
Wout la long, koman’w vle fè’l san’w pa bite a?
Gon frè’w ki rive sou menm pakou sa’w te kite a?
Obstak ka detwi moun, konsa tou’l ka fè yo brav
Gen plis fyète lè’w travay pou’w genyen sa’w vle, ke lè yo ba’w
Al pran lari a, fè wout pa’w si’w pa gen gid
W’oblije viv ak sa’w genyen menm si se pa sak ta dwe viv
En fait, tant wap vanse wap jwenn plis frè’w ki vle tiye’w
Lè yon frew reyisi, au lieu ou rayil, siksèl dwe enspirew
Tant wap chache al pi wo
Tant yap rale’w vin pi ba
Men tant sakrifis yo pi gwo, tant wap pran plezi nan viktwa
So mache tonbe leve
Reve, rive, echwe, kriye, fonse
Desten lavi’w ka modifye’l
Si’w konn yon moun ki bzwen fòs, kite mizik sa
Motive’w
Ou ka fè plis ke sa’w ap fè la
Ou ka rive pi lwen ke kotew ye a
Kite’m motive’w
Kite’m motive’w
Más canciones de Baky
-
Love Pa Peye Bill
Chante ap ret chante
-
Asasen
Asasen
-
Peyi Gè
Rap ap rete Rap
-
All Eyez on Me
Le Making of Un Star
-
Bay Vag
Chante ap ret chante
-
Yon Vagabon Chanje
Chante ap ret chante
-
Vid
Chante ap ret chante
-
Si Yo Vle
Rap ap rete Rap
-
Level - Remix
Le Making of Un Star
-
Champions
Le Making of Un Star
-
Champions - Remix
Le Making of Un Star
-
Kite'm Briye
Fos Yon Black
-
Magicien Freestyle
Magicien Freestyle
-
Zanj
Chante ap ret chante
-
Bay Bondye Yon Beat
Rap ap rete Rap
-
À L’infini
Rap ap rete Rap
-
Dènye Lèt (Depresyon)
Rap ap rete Rap
-
Bon Pou Mwen
Echec Et Mat
-
Pour Le Meilleur Et Pour Le Pire
Echec Et Mat
-
Monte Desann
Echec Et Mat